Sou Nou

Sou nou

Nou bay asosyasyon yo mikwo a

Asso-Radio, yon pwodwi Asso-Haïti Group, se yon radyo sou entènèt ki fèt pou asosyasyon, ONG, fondasyon ak òganizasyon kominotè yon espas pou yo pale, pataje eksperyans yo epi fè travay yo konnen.

  • Yon vwa pou sektè a

    Nou pote istwa, misyon ak travay òganizasyon yo devan piblik la.

  • Yon pon ant moun

    Ant òganizasyon yo, kominote yo, patnè yo ak dyaspora ayisyen an.

  • Kontni ki itil

    Emisyon, entèvyou, repòtaj, deba ak fòmasyon chak semèn.

AN DIRÈK --:--

Pòtre Asosyasyon

Ak Allan Altero | Direktè jeneral

Klike pou w koute ASSO RADIO

Kote n prale

Vizyon ak misyon nou

Nou kwè chak òganizasyon gen yon istwa ak yon bagay enpòtan pou l pote nan sosyete a.

Vizyon

Vin youn nan referans medya ki pi enpòtan pou sektè asosyatif la ann Ayiti yon sektè kote òganizasyon yo pi byen òganize, pi byen enfòme, pi vizib epi pi konekte youn ak lòt.

Misyon

Bay asosyasyon yo yon vwa epi fè travay yo jwenn plis vizibilite. Enfòme, edike, sansibilize epi ankouraje moun patisipe nan devlopman kominote yo.

Sa n ap difize

Senk fanmi emisyon

Divès kalite kontni ki konsène lavi ak travay òganizasyon yo.

Nouvèl Asosyatif

Nouvèl ak enfòmasyon ki gen rapò ak sektè asosyatif la.

Portrait d'Asso

Nou prezante asosyasyon yo, moun ki dèyè yo, pwojè yo ak enpak yo.

Deba ak Analiz

Diskisyon sou kesyon sosyal, kominotè ak devlopman peyi a.

Fòmasyon ak Devlopman

Lidèchip, jesyon òganizasyon, jesyon pwojè ak rechèch finansman.

Opòtinite ak Patenarya

Fòmasyon, pwojè, finansman, evènman ak lòt opòtinite pou òganizasyon yo.

Ou vle pase sou antèn nan?

Nou resevwa asosyasyon yo pou entèvyou ak pòtre chak semèn.

Ekri nou →

Angajman nou

Sèt pwomès nou fè sektè a

Travay nou chita sou entegrite, respè, pwofesyonalis, enklizyon, solidarite, responsablite, inovasyon ak angajman kominotè.

01

Fè travay yo pi byen konnen

Asosyasyon ak ONG yo jwenn yon espas pou prezante misyon ak rezilta yo.

02

Bay pwojè yo plis vizibilite

Inisyativ kominotè yo rive jwenn moun ki ka sipòte yo.

03

Enfòme piblik la

Sou kesyon sosyal ak kominotè ki konsène tout moun.

04

Fasilite patenarya

Mete òganizasyon yo an kontak youn ak lòt pou kolaborasyon.

05

Pataje opòtinite

Fòmasyon, finansman ak enfòmasyon itil pou sektè a.

06

Ranfòse kapasite yo

Kontni ki ede òganizasyon yo grandi epi jere pi byen.

07

Fè sitwayen yo patisipe

Nan devlopman kominote yo ak nan devlopman peyi a.

Kijan pou m koute Asso-Radio?

Peze bouton « Koute an dirèk » ki nan tèt sit la — son an pati imedyatman, san enstalasyon. Ou ka koute nou tou nan aplikasyon Zeno.FM sou Android ak iPhone.

Èske asosyasyon m nan ka pase sou antèn nan?

Wi. Nou resevwa asosyasyon, ONG ak òganizasyon kominotè pou entèvyou ak pòtre. Ekri nou nan paj Kontak la ak yon ti prezantasyon òganizasyon w lan.

Èske se yon radyo komèsyal?

Non. Asso-Radio se yon radyo asosyatif, yon pwodwi Asso-Haïti Group, ki mete aksan sou enfòmasyon, edikasyon ak devlopman kominotè.

Ki lè emisyon yo pase?

Nou sou antèn nan 24 sou 24. Griy pwogram nan bay jou, lè ak animatè chak emisyon — gade paj Pwogram nan.

Kijan pou m vin patnè?

Nou louvri pou patenarya ak òganizasyon, enstitisyon ak pwojè ki pataje misyon nou. Pran kontak ak redaksyon an pou n pale sou fòm kolaborasyon ki pi bon an.

Eske Asso-Radio aksepte ed ak esponsò?

Wi Asso-Radio aksepte tout kalite esponsò sipò , ak ed ki kadre ak vizyon, misyon e objektif nou, li kapab lajan oubyen materyè Pou tout sipò ak kontra piblisite ekri nan: marketing@assoradio.net

Ekip Asso Radio

Ekip nou an ki estwòdinè

Chak jou, yo travay pou òganizasyon yo jwenn espas yo merite a.

Allan Altero

Allan Altero

Prezidan Direktè Jeneral
Verika Désulmé

Verika Désulmé

Resp. Maketing ak Kominikasyon Komèsyal
Elantina Jérôme

Elantina Jérôme

Resp. Rezo Sosyal
Josué Casimir Devalon

Josué Casimir Devalon

Resp. Teknik ak Difizyon
Régina Antenor

Régina Antenor

Resp. Pwogram ak Kontni

Ou gen yon asosyasyon?
Vin pale sou antèn nan.

Nou pa la sèlman pou pale sou asosyasyon yo nou la pou koute yo, fè yo tande epi mete travay yo an valè.